La plateforme officielle du showbiz haïtien

Dano al nan Disip

Miami, Floride, 29 Novanm, 2014 –

Gazzman Couleur ak ekip jesyon diSip kontan akeyi Dano Eugène kòm klavyeris diSip.

Se pa pou granmesi, tinon jwet Dano se “dwèt san zo”. Fey mizikal misye chaje ak bel melodi ak amoni. Yon mizisyen savé, Dano gin anpil talan pou jwe lot estil mizik, min mizik Konpa se fòs li.

Se avek detèminasyon, devouman ak disiplin ke Dano ateri nan fanmi diSip; li pote yon pèsonalite djanm.

Ki pi bon moman ke epok Aksyon de Gras sila, pou entwodwi ofisyèlman Dano kòm jwè klavye diSip.

L’ap komanse jwe avek diSip pou fèstivite Aksyon de Gras nan Floride, tanpri vizite sit entènèt diSip pou konnen kalandriye pwogram yo.

Viktwa se Nou, Viktwa Pou Nou!