Aprè gwo bouch louvri sou radyo ak pawòl piman bouk ki tap lanse sou rezo sosyal yo ant 2 mesye yo, eske chantè K-Zino a, Gerald Chery ak pwomotè Zagalo gentan rekonsilye pwiske nou wè mesye yo ap bay entèviou, rib yen fò kòm si pat gen anyen ki te pase antre yo?
Antouka, se yon bèl bagay si 2 mesye yo rive fè la pè aprè chantè K-Zino a te mete nan bòl Zagalo paske’l estime pwomotè a tap bòykote, maltrete djaz li a.