La plateforme officielle du showbiz haïtien

Shabba Djakout #1 est très amer contre Prestige Beer

Pandan kanaval ki tap dewoule sou channmas Pòtoprens 15, 16 ak 17 fevriye 2015 ki sot pase laa men ki pat fini akoz aksidan ki te rive sou cha Barikad Crew a kote gen anpil moun ki te mouri ak blese, gen youn nan jou yo sou pakou a, Shabba te choute anpil sou Prestige.
Atis la te fache paske yo te mande konpayi a sponsorize Djakout #1 djaz peyi a yo te refize. Shabba te kontinye choute sou (byè) Prestige aprè kanaval la pandan li tap patisipe nan yon emisyon sou Télé Métropole, chaîne 52 avèk kèk lòt atis tankou Tjoe Zenny (Kreyòl La) ak Michael Guirand (Carimi). Eske atis la te gen rezon ou pa ?
Pouki sa Prestige Beer pat sponsorize Djakout #1 ?
Eske konpayi a pa gen dwa sponsorize djaz ou enstitisyon li vle ?