Ambassade des États-Unis, Port-au-Prince (Haïti)

🎺🖤 Jodi a, nou mete tèt nou ansanm ak pèp ayisyen an pou nou rann André Déjean omaj, yon twonpetis, konpozitè, aranjè ak manm fondatè gwoup Les Frères Déjean, ki, pandan plis pase swasant lane, te kontribye anpil nan fòmasyon ak devlopman mizik konpa ayisyen an.

Nan fen ane 1970 yo, mizik sa a te rive jouk New York. Les Frères Déjean te anrejistre mizik yo nan Manhattan, epi yo te pran foto kouvèti albòm yo ki rele L’Univers anba Unisphere nan Queens : mizisyen ayisyen ki te kanpe anba gwo glòb ki te senbòl Ekspozisyon Mondyal la, pandan yo t ap pote mizik peyi yo sou yon pi gwo sèn.

Pou plizyè jenerasyon fanmi ayisyen Ozetazini, son twonpèt André Déjean te vin fè pati maryaj, fèt ak selebrasyon, ansanm ak lavi chak jou kominote ayisyen an nan dyaspora a.

Anplwaye Anbasad la prezante kondoleyans sensè yo bay fanmi li, mizisyen parèy li yo ak tout kominote kiltirèl ayisyen an.

Se pou mizik li kontinye enspire nou, epi se pou memwa li rete yon benediksyon.

___

🎺🖤 Aujourd’hui, nous nous joignons au peuple haïtien pour rendre hommage à André Déjean, trompettiste, compositeur, arrangeur et membre fondateur de Les Frères Déjean, dont la musique a contribué à façonner le compas haïtien pendant plus de six décennies.

À la fin des années 1970, cette musique a traversé les frontières pour atteindre New York. Les Frères Déjean y ont enregistré à Manhattan, tandis que la couverture de leur album L’Univers a été photographiée sous l’Unisphere, dans le quartier de Queens : des musiciens haïtiens réunis sous le globe emblématique de l’Exposition universelle, portant la musique de leur pays vers un public plus large.

Pour plusieurs générations de familles haïtiennes aux États-Unis, la trompette d’André Déjean est devenue partie intégrante des mariages, des célébrations et de la vie quotidienne de la diaspora.

Le personnel de l’Ambassade adresse ses plus sincères condoléances à sa famille, à ses compagnons musiciens ainsi qu’à l’ensemble de la communauté culturelle haïtienne.

Puisse sa musique continuer à nous inspirer et que sa mémoire demeure une bénédiction.

___

🎺🖤 Today we join the people of Haiti in mourning André Déjean — trumpeter, composer, arranger, and founding member of Les Frères Déjean whose music helped shape Haitian compas for more than six decades.

In the late 1970s, that sound reached New York. Les Frères Déjean recorded in Manhattan, and the cover of their album L’Univers was photographed beneath the Unisphere in Queens: Haitian musicians standing under a World’s Fair globe, carrying their country’s music onto a wider stage. For generations of Haitian families in the United States, his trumpet became part of weddings, celebrations, and the everyday life of the diaspora.

Embassy staff extend our deepest condolences to his family, his fellow musicians, and Haiti’s cultural community. May his music continue to inspire, and may his memory be a blessing.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *