Nou aprann ayè samdi 21 sektanm 2024 la via rezo sosyal yo, nouvèl lanmò biznisman, pwomotè ak pwodiktè byen koni sitou an Ewòp an Afrik ak nan Karayib la, Lolange Eristan.
Berlin Obas, yon’n nan bra dwat
Lolange ki te kolabore avèl nan ACP Production pandan plizyè lane, konpayi saa ki (te) baze nan # 12 Avenue Audra 92700 Colombes (France), konfime pou nou jodi dimanch 22 sektanm 2024 la, desè Lolange nan peyi Maroc aprè yon lòt AVC li te fè sa gen 2 mwa.
Lanmò Lolange reprezante yon gwo pèt pou mizik ayisyèn nan.
Kòm pwomotè ak pwodiktè, Lolange reyalize plizyè toune avèk dferan djaz ansyen ak nouvèl jenerasyon nan peyi La France, Aux Antilles ak an Afrique espesyalman.
Apa Mass Konpa ak Gracia Delva, ACP Production te pwodwi albòm plizyè lòt gwoup tou tankou Carimi, Djakout #1, Nu- Look.
Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi, zanmi ak ansyen kolaboratè Lolange Eristan (ACP Production).
R.I.P. Lolange!
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply