La plateforme officielle du showbiz haïtien

Alan Cavé, the king of compas love: 35 lane rich karyè mizikal, anpil hit, mega hit avèk Zin, an solo & kolabo!

Pitit Yanick Jean ak powèt e ekriven trè koni Syto Cavé, chantè Georges Alan Cavé ki te fèt 27 fevriye 1966 nan Nouyòk, Etazini, se yon chantè ki trè popilè e trè apresye nan HMI la pou kalite ak pi l bèl mizik tout kalite, lanmou tankou ak karaktè sosyal, li konpoze oswa entèprete (chante).

Li se yon pwodiktè, li distrè l, graje ti gita l tou, e li se yon antreprenè egalman.

Plizyè jenerasyon konnen l e te viv li kòm chantè Zin, yon gwoup ke l ta pra l entegre aprè rankont li ak Alex Abellard nan ane 1987 yo konsa.

Alan Cavé ta pra l chame, fè anmoure, anmourèz yo vole, fou nan ane 1991 yo lè l te depoze vwa l sou mizik «Fèm vole» gwoup Zin, ki te yon tib tout moun tap chante nan Pòtoprens, nan vil pwovens yo ak nan dyaspora a, depi lè a, sa pat janm kanpe.

Atis la ak Zin ta prale siksè an siksè.

Malgre anpil ane li te pase nan Zin, li te vi n rale kòl nan djaz la nan pwofi karyè solo l, kote gen lòt chantè ak chantèz ki te entegre Zin.

Malgre gwoup saw te vi n pa t an aktivite ankò, li te toujou genyen bò n relasyon avèk laban n ak Alex Abellard & co, dayè, se sa ki te pèmèt seri konsè Zin “One Last dance” an 2013 yo te posib ak lòt afich nan Pòtoprens ak nan dyaspora a.

Mizisyen gwoup Zin yo toujou reyini lè sa nesesè.

An 2026, pou selebre 35 lane kokennchen n karyè mizikal li kòm chantè gwoup Zin, antan ke atis solo san n pa bliye yon ban n kolaborasyon ak lòt atis tout kote nan lemon n, Alan Cavé anonse, e deja kòmanse ap reyalize yon seri konsè toupatou ki batize “Se pa pou dat”, 25/35 Live Concert.

Aprè gwo siksè li nan konsè 28 mas 2026 la nan MGM Hall Fenway Boston an, Alan Cavé ap prepare l pou l al fè koze 30 mai 2026 nan UBS Arena, New York, nan okazyon fèt manman yo, an atandan li rive nan zòn pa w la.

Pa rate okazyon pou reviv anpil nan hit, mega hit li yo avèk Zn, an solo ak kolabo tankou : «Fèm vole»

«Nan nan nan»

«Ma rose»

«Tou kole»

«Tou piti»

”All I want»

«Ban m ti ka l»

“Manyen w»

«Kouraj»

«Mennen m ale»

«Lanmou saa»

«Ti randevou»

«Chokola»

«Se pa pou dat»

«365 jours»

«Je t’aimerai toujours»

«Manman mia»

«Men m jan»

«Falling»

«Please baby»

«De la tête aux pieds»

«Jwen»

«Can’t do this to me»

“Sa wap fè avèm»

“Grave sou kèm”

«Happy birthday»

«Tou kareman»

«Yèreswa»

«J’ai besoin de toi»

«Un bout de mon amour»

«Fan m dous mwen»

«Un bout de mon amour»

«On tan cinema»

«Mon seul regret”, elatriye.

Mèsi Alan Cavé pou tout bèl mizik ak plezi ou ba nou nan mizik la.

Respè pou ou the king of Konpa Love.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *