La plateforme officielle du showbiz haïtien

T-Vice met Olivier Duret deyò

Te gen bwi ki t’ap kouri sou Olivier Duret ak pozisyon li nan T-Vice. Nou kwè ke fanatik nou yo dwe enfòme paske nou se yon enstitisyon transparan ki vle rete onèt pandan li kenbe konfyans piblik li.
Pandan tout mwa ki sot pase yo, nou te konfwonte Olivier plizyè fwa sou asosyasyon li ak yon nouvo gwoup nan endistri Kompa a; Olivier te toujou demanti akizasyon yo.
Sa pa gen lontan, nou resevwa done odyo ki te sot nan yon bon sous ki tout konfime bwi k’ap kouri yo.
Olivier t’ap travay sou pwochen albòm T-Vice la, pandan li t’ap travay kòm grenn chantè nan yon lòt gwoup, pandan l’ap nye patisipasyon li nan lòt pwojè. Se konsa, nou vinn pa gen okenn chwa, nou te oblije pran yon desizyon ekszekitif pou pwoteje konpayi ak djazz nou.
Anvan sezon fèt yo, T-Vice pral lage yon albòm “Live” ki gen ladan de nouvo mizik, youn Roberto chante ak yon lòt, ki chante pa yon jenn chantè, ki nouvo epi tou ki gen anpil talan, nou trè kontan travay avèk li.
Nou te pare pou nou kòmanse yon nouvo avanti ak Olivier nan ekip nou an, sepandan, bagay yo vinn vire yon lòt jan. Nou swete’l anpil chans nan inisyativ lavni’l pandan n’ap rete devwe a fanatik nou yo ak pwodwi bon mizik!
Management T-Vice