Nan dènye jou sa yo, sanble Tony Mix te gen ti pwoblèm ak Shassy nou konnen ki te vi’n trè pwòch ak Vag Lavi kel fè mizik avèl, jwe avèl anpil kote, fè live ansanm byen ke yo pa byen ankò e Shassy tou te vi’n trè kole tou ak Jimmy Danger (R.I.P.), bagay sa yo sanble pat pote dj a twò byen paske moun sa yo pa fi’n twò monte men’m chwa’l ansanm jiskaske nan yon ti video pwomosyon Tonymix tap fè pou yon pwogram li ladan’l ak plizyè lòt atis tankou Darline Desca, Shassy, Black Out Music, li site non tout atis kap la yo sof non Shassy. Sa sanble pat fè Shasse la twòp plezi e te pouse’l a fè plizyè pòs sou rezo sosyal yo pou mande Tonymix, kisa’l gen avèl ki fè li pa vle lonmen non’l lan. Nan entèvyou Shassy bay medya nan lakou Paris, li te kontinye ap mande Tony Mix poukisa li pa vle site non’l. Ebyen, nan yon videyo yo fè ansan’m nan peyi Emmanuel Macron an, 2 atis yo, dj Tonymix ak Shassy fè lapè. “…Wal goumen pou yo. Lè yo nan cho yo, ki te yo nan cho yo pou kont yo, rejwenn baz ou cherie😂😂😂”, deklare Tony Mix. Donk, Shassy retounen nan baz li.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply