Anie Alerte avèk band li Zile, plis atis Antonny Drew te alafich samdi 17 oktòb 2026 la nan L’ Espace Chevreuil, Nanterre, Paris, France pou te jwe pou yon pwomotè.
Aprê bal la, sanble pwomotè a te refize peye djaz la, Anie Alerte di pa gen bagay konsa, kelkeswa fason an fò l touche kan men m, sa ki te pouse l gen yon gwo bouch louvri avèk pwomotè saa.
Pandan echanj woule saa, “fight” pati, pwomotè a joure, trete Anie Alerte kokorat, etc.
Kisa ki te ekri, di nan kontra a tout pati yo te dakò, siyen?
Poukisa pwomotè a te refize peye djaz la rès kòb la aprè pwogram nan?
Eske bal la pat pran ase?
Eske afich la te reyisi men lajan an te twò bèl nan men towo a?
Antouka, se domaj yon bagay konsa rive ankò nan HMI la ant atis ak pwomotè, puiske sa rive plizyè fwa deja.
Nou sonje gen yon pwomotè nan Atlanta (Georgia) ki rele Carlito Corvil, li men m avèk 6 patizan l ki te woule anba baton Alan Cavé samdi 28 fevriye 2015, sa ki te revolte tout HMI la.
Gilles Freslet, I L❤️ve Konpa
Leave a Reply