An jwèt konsa, nou ta byen renmen tande yon « Fan m Kreyòl», vèsyon #2 osinon yon mizik nèf Legend pou n wè kijan vwa Marc Richard ap soti, kòman djaz la ap sonnen.
Men kounyèa, eske fanatik yo, meloman yo avèk rezo sosyal yo tap sipòte djaz la, achte mizik la, tandel anpil sou tout platfòm yo just pou ankouraje yo, di yo mèsi, nou sonje yo pou lajwa yo te mete nan kè nou pandan plizyè lane nan anfans nou, jenès nou?
Epi tou, men m jan anpil lòt djaz fèl, pa egzanp, Zin, poukisa Legend pa ta ka fè yon (dènye) toune “last dance” plizyè kote an Ayiti malgre peyia pa bon ak lòt kote aletranje pou pèmèt ak ansyen tankou jèn reviv, viv, danse kèk ansyèn mizik djaz la si yo pap jan’m tounen nan HMI la ankò byen antandi e nou pa mande yo sa non plis, men si yo ta fèl tou, sa pap deranje nou okontrè. Men’m lè yo pa ta tounen pou ap jwe sou sèn tanzantan men, yo ta ka pwodwi mizik, albòm estidyo mete yo disponib tout kote men m lèm panse, se pa pwiyorite yo avèk nouvo angajman, lòt lobligasyon, responsabilite yo genyen kounyèa.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS
Leave a Reply