Phantoms existe toujours mais…, dixit King Kino!

King King gwo chantè, “showman” devan Letènèl deklare jodi dimanch 19 novanm 2023 a Phantoms toujou egzite. :” Gwoup ke tout moun toujou ap pale de li ki rele Phantoms nan toujou existe, men yo deside pa jwe paske anpil pwomotè pat ka konpran n dimansyon djaz sa a.

Phantoms pat kon vann tèt yo nenpòt jan. Phantoms fè kontinan Afrique la, toune sou tout Europe, Japon, Canada ak Caraibes la”, te ekri King Kino (Lord Kinomorsa Divers) sou kont X, ansyen Twitter.

Dènye fwa m wè Phatoms, se te samdi 4 avril 2015 nan Amazura lè “Rematch” Phantoms/Zin Venus International Production te òganize kote daprè mwen, Zin te genyen men yo te favorize l, yo te boykote Phantoms ki te prepare bèl show yo ke yo pat ka fè jan yo te vle a, malgre sa, nan kèk minit yo te fè sou stage la montre Zin te ka gen pwoblèm jou saa si pat gen bòykotaj. Konpayi ki tap fè son an gen anpil eksplikasyon pou Venus International Production ki tap òganize bèl afich saa ta mande yo bay sou sa k te pase a.

Yon gwo djaz ki chaje ak “hit” e ki gen Alan Cavé ak Alex Abellard ladan’l elatriye, pa bezwen sa pou yo bat yon djaz pwòp dayè, yo te byen pase jou swa saa.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *