Décès du journaliste Eddy Jackson Alexis !

Kèk ane aprè madan m li, Esther Dorestal, ki li men m tou te jounalis, te mouri an 2021 an plen COVID-19, Eddy Jackson Alexis kite nou ayè vandredi 20 novanm 2026 la.

Daprè sa nou apran n sou rezo sosyal yo, se aprè yon malèz kadyak jounalis la ta mouri alòske tout nan maten, li te aktif sou kont Facebook li.

Nou te konnen nou li te gen ti pwoblèm sante, men nou pa t atan n nou ak nouvèl saa ki se yon kou di pou près ayisyèn nan.

Jounalis Eddy Jackson Alexis te fèt 20 sektanm 1974 nan Beaumont, Grand’Anse, li mouri vandredi 20 novanm 2026 la a laj 52 lane.

Nap raple Eddy Jackson Alexis te jounalis nan plizyè medya tankou radyo Kiskeya ak Télévision Nationale D’Haïti (TNH).

Li te sekretè deta kominikasyon tou nan gouvènman ki te pase yo.

Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi, zanmi e ansyen kolaboratè jounalis la.

Ke nan m ou repoze anpè Eddy Jackson Alexis.

Gilles Freslet, I Love Konpa

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *