Nou aprann ayè mèkredi 20 novanm 2024 la byen ta nan aswè via Berthony Raphaël (Havana Guitar Night) nouvèl lanmò mizisyen Serge Laguerre a.k.a. Sergo.
Daprè sa nou aprann, sanble atis la tap soufri kèk tan yon ensifizans nan ren men dènye jou sa yo, li pat bon men’m, yo ale lopital avèl epi se la Sergo ran’n dènye souf li.
Sergo se youn pami tanbourinè chaje ak eksperyans ki tap evolye nan mizik ayisyèn lan nan dènye ane sa yo sitou.
Li te jwe nan plizyè djaz ak atis an Ayiti tankou aletranje pa egzanp Krezi Mizik li ta pral kite aprè tranbleman 12 janvye 2010 yo.
Aprè sa, li ta pral entegre gwoup Tempo nan New York men li pat rete fè anpil tan nan djaz saa.
Sergo ta pra l rejwen n Harmonik lèl te ranplase Jimmy Danger ki mouri tou.
Li te jwe live e patisipe tou sou diferan albòm djaz ak atis.
Sergo te renmen anpil enstriman li tap jwe a.
Lanmò l se yon gwo pèt pou mizik ayisyèn nan.
Malerezman, nou pap jan’m wè’l kap bat tankou ankò.
Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi l, zanmi l, fanatik li ak ansyen kolaboratè l yo espesyalman nan Krezi Mizik,Tempo ak Harmonik.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS
Leave a Reply