Apache World Music (AWM), pwojè Tjo Zenny Kreyòl La, lanse 2 atis toujou: Pablo & Melo!

Apache World Music (AWM) prezante dimanch 19 novembre 2023 nan local li Vivy Mitchel # 6, 2 premye jèn atis yo chwazi pou pwodwi e akonpanye.

Premye a se Pablo (Peterson Saintilien) ki fèt 1er janvye 1990 nan Plaine du Nord.

Mizik li a rele « Sim te nan plas ou » ke AWM (Apache World Music) lage vandredi 27 novanm 2023 a.

Jodya, Pablo di l fyè anpil paske li se youn nan 2 premye atis AWM (Apache World Music) lanse pwojè’l la.

Epi lòt atis la, 2zyèm nan, ki se Melo, bon non l se Wilder Jean-Pierre. Li pran nesans 18 me 1995 nan vil Jacmel men ki grandi ak fè etid klasik li Pòtoprens.

17 novanm 2023, se dat saa Apache World Music te pwopoze nouvo mizik Melo a ki gen pou tit «Peche».

AWM (Apache World Music) fonde pa Tjo Zenny (Joseph Zenny Jr), chsntè vedèt gwoup mizikal Kreyòl La se yon “label musical”, yon antrepriz ki la pou pwodwi atis, deniche yo kote yo ye a pou akonpanye yo nan pwosesis anrejistreman, pwodiksyon, kòmèsyalizasyon ak devlopman karyè yo.

AWM, se yon label mizikal konplè, yon akademi atis, yon ajans pwodiksyon mizik, “management” ak pwomosyon pwòp atis li yo.

Pwojè saa ke Tjo Zenny, chantè Kreyòl La te pran a kè vi n tounen reyalite a pati lansman l ak prezantasyon 2 premye atis yo dimanch 19 novanm 2023 a men’m lè bagay yo pat klè pou li, te gen ensètitid nan kòmansman daprè sa nou li nan dosye près ke ekip AWM la voye ba nou.

Nan yon meni byen kopye ki te dire anviwon 2è 30 minit tankou akèy envite yo, vizit gide lokal AWM, prezantasyon pwojè a ak atis yo, sesyon kesyon-repons epi kòktèl, daprè sa imaj yo ba nou e selon moun ki te la, tout bagay sanble te byen pase malgre move kondisyon tan an mete sou ensekirite ki genyen nan kapital la.

Kounyèa li rete pou piblik la, fanatik yo, meloman yo achte, tande mizik atis sa yo, swiv yo sou rezo sosyal yo ak lòt kote, ankouraje yo, sipòte yo ak tout Apach World Music (AWM) ki disponib sou Spotify, Apple Music, Deezer elatriye.

Ou ka swiv AWM sou Instagram,Twitter, Facebook, Tik Tok, Threads, YouTube ak LinkedIn.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *