Don Kato te ka toujou genyen anbisyon politik li, sa te gen dwa fèt to ou ta men nou preske kwè e anvi di se abi, move tretman prezidan Martelly oswa rejim Tèt kale a te bay Brothers Posse ak Don Kato nan zafè pa ba yo cha, pa chwazi yo pou patisipe nan kanaval nan pwovens ak Potoprens pou say o tap chante nan mereng kanavalesk ki pat fè pouvwa a plezi ki ta plis fè atis la aksepte oswa pran desizyon pou poze kanditati’l pou senate lwès. E pèp la ki toujou renmen rekonpanse ou mete’l bo kote moun kel estime ki victim, chwazi’l (eli’l) nan 2e tou eleksyon ki te fèt dimanch 25 oktob 2015 ki sot pase yo laa key o bay rezilta yo aswe samdi 7 novanm 2015 la.
Pandan nan kèk mwa prezidan Martell ap mare pakèt li pou ale kote lap vi’n yon ansyen prezidan peyi a(oswa tounen yon senp sitwayen), Don Kato ap senatè repiblik (chèf). Men sa’k Ayiti a!