Antèman papa Manno Farinen chante ayè madi 21 novanm nan vil Okap!

Se ayè madi 21 novanm 2023 a ke antèman papa atis Manno Farinen, Mesye Edener Saint Fleur chante nan legliz Assemblée de Dieu ki twouvel nan ri 22 G nan vil Okap an prezans pitit li yo, fanmi, zanmi ak pwòch defen an.

Nap raple Mesye Edener Saint Fleur te mouri jedi 9 novanm 2023 ki sot pase laa

a laj 79 lane.

Ankò yon fwa, nou prezante sensè kondoleyans nou ak chantè Manno Farinen e ak tout fanmi Saint Fleur a.

R.I.P. Edener Saint Fleur.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *