R.I.P. André Déjean, yon lót nan Frères Déjean yo mouri an Florid, Etazini 11 sektanm 2026 la a laj 75 lane!

Desideman, malerezman pou mizik ayisyèn nan, 5 nan frè jeni ki te fòme òkès Les Frères Déjean de Pétion-Ville yo ap kite nou youn aprè lòt.

Aprè Philippe, Camille, pi resan an se André Déjean.

Kiyès kap ranplase jeni sa yo? Kiyès kap asire relèv la?

Antouka, se vandredi 11 sektanm 2026 la, move nouvèl la tonbe e lage tout moun nan HMI la, mizisyen, meloman, fanatik nan lapèn, Ekselan twonpetis, konpozitè, aranjè ak mayestwo André Déjean mouri nan eta Florid, peyi Lèzetazini.

Daprè nouvèl ki rapòte yo, sante André Déjean pat bon dènye tan sa yo e se lopital li ta ran n dènye souf li.

Twonpetis André Déjean te fèt 7 juillet 1951 nan Petyonvil, Ayiti, li mouri vandredi 11 sektanm 2026 la a laj 75 lane.

Repite kòm youn nan meyè òkès ayisyen, Les Frères Déjean de Pétion-Ville te fonde nan dat 13 jiyè 1963 nan Pétion-Ville pa 5 frè nan fanmi Déjean an ki se: Lionel ki pi gran, Fred, Philippe, Camille e li men m, André Dejean ki te gen sèlman 12 lane nan epòk la.

Yo te genyen avèk yo tou kèk zanmi.

Nan kòmansman, lòt mizisyen ki te avèk Les Frères Déjean yo,  daprè sa André Déjean te di nou, te gen yon chantè ki te rele William Soloute, batè a te rele Pierre Alexandre, yon guitaris ki rele Emmanuel alyas Manno.

Se nan kòmansman ane 1970 yo lè gran frè yo Lionel te deside kite peyia (Ayiti) pou l ale refijye l nan peyi Etazini yo te deside kontinye avèk òkès la e se aprè sa, yo te vi n pran lòt mizisyen nan gwoup la tankou Isnard Douby, nan fen ane 60 yo. Isnard Douby te jwe nan “fanfare Lycée Pétion-Ville” la avèk yo.

Nan fen ane  1975 òkès Frères Déjean yo te deside ale tabli nan Nouyòk, Etazini.

Yo te chwazi retounen nan peyi Dayiti nan kòmansman ane 1980 e se lè saa, Alliance Casimir alyas Pè Cazo ta pra l entegre òkès la.

Nan yon entèvyou esklizif li te ba nou an 2013, André Déjean, twonpetis e youn nan manm fondatè Frères Déjean yo te di nou, li fyè paske òkès Les Frères Déjean te bay nesans ak 2 lòt bon òkès ki se System Band ak Dixie Band ke Isnard Douby ak Tuco Bouzi te ale fòme aprè yo te fi n kite Les Frères Déjean.

Pandan egzistans yo, òkès Les Frères Déjean reyalize  anviwon yon ventèn albòm ki ale nan premye 33 tour yo ki te soti nan ane 1971 yo jiska dènye a ki rele « Sa se Déjean » ki te soti nan ane 2001 yo, men daprè André Déjean, pou li men m 3 meyè albòm Frères Déjean se : « Pa gen panne », « Bouki ak Malice » ak « L’Univers ».

Mayestwo André Déjean te di nou, li te pran yo 9 mwa avèk seyans repetisyon chak jou regilyèman maten ak aswè pou yo te reyalize albòm “L’univers” a.

Nan epòk la, tout mizisyen yo te rete nan men m kay la nan Queens nan New York.

Depi yo fi n manje, yo desann nan “basemint” la yap fè mizik jiska 10è nan aswè.

Se te yon travay entansif, men li di yo pat regrèt yo te fè sa.

Fò n di, aprè yon ti tan kolaborasyon avèk Magnum Band de Dadou Pasquet (R.I.P.), depi plizyè lane, se ak gwoup Nu-Look de Arly Larivière li tap kolabore, dayè 29 jiyè 2016, Nu-Look tap jwe El Rancho nan okazyon prezantasyon ak vant siyati albòm “My time”, yo te entèprete “Marina” Frères Déjean pandan yo te byen akonpanye André Déjean. Se te yon bèl moman.

19 jitè 2013, pou te selebre 50 lane egzistans yo, “4 Real Promo” te reyalize yon konsè avèk Les Frères Dejean, plis Magnum Band ak Isnard Douby nan Karibe Hôtel nan Petyonvil, Ayiti.

Mèsi anpil maestro André Déjean ak tout Frères Déjean yo pou mizik de kalite nou te ba nou yo tankou : “La fraîcheur”, “Packard”,  “Marina”, «Debake”, “L’univers”, “Gladia”, “Naïde”, “La foi”, “Haïti”, “Belle promesse”’, “Malere”, “Belle déesse”, “Qu’est-ce que la vie”, “Arrete”, “Que viva la musica”, “Bouki ak malice”, “Pa gen panne”, “Alleluia”, “Mots créoles”, “Repression”, “Signé Déjean”, “Hommage à nos aînés”, elatriye.

R.I.P. André Déjean!

Gilles Freslet, I L❤️VE Konpa

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *