La plateforme officielle du showbiz haïtien

R.I.P. photographe Louis Yonel (16 mars 1959-31 mas 2026).

Mwen pat vle kwè sa m te wè a, mwen te men m panse se te yon pwason davril malgre m konnen yon moun pa ta ka jwe ak yon bagay serye konsa lèm te tonbe 1er avril 2026 la sou paj Facebook jounalis spòtif Caleb Jephté Pierre ki anonse nouvèl lanmò Yonel Louis, men m moman an, tristès anvayi m, mwen pat nan mwen menm ankò.

Mwen te oblije ap chèche verifye nouvèl la.

Yonel Louis, yon frè, yon zanmi, yon ansyen kolaboratè mwen te kwaze nan Le Nouvelliste/ Ticket Magazine, sa pat pran tan pou nou te konekte.

Plis ane tap pase, se plis nou tap vi n pi pwòch, pi alèz.

Youn te respekte lòt malgre li te pi gran pase m ak tout eksperyans li yo.

Se youn nan jounalis fotograf mwen konnen ki te renmen metye li a anpil.

Jounen ou ta wè Yonel Louis san kamera l, pa enkyetew w, li pa lwen.

Yonel Louis se te yon moun ki te mete l o sèvis espò a espesyalman foutbòl ayisyen an.

Li te toujou prè pou l te al kouvri nenpòt evenman espòtif ke w voye l oswa li ale pou kò l tout kote nan peyia ak aletranje.

Plim ni ak blòf nòt li toujou la pou l bay detay foto ak tout non jwè oswa jwèz, rezilta match ak nom bitè, bitèz, etc.

Li pran san l pou l seleksyone e travay foto l sou òdinatè l oswa computer jounal la.

Yonel Louis se te yon gwo meloman tou.

Nou te toujou gen echanj, diskisyon sou mizik.

Misye te toujou ap mande m mizik, li te kon n ban mwen tou.

Mwen ak Yonel Louis te tèlman alèz, menm afè prive l ak koze fanm nou te kon n pale.

Misye te fèm anpil konfyans akoz de tanperaman m ak respè mwen te gen pou li.

Lè nou nan sal redaksyon Le Nouvelliste oswa nan dènye etaj jounal la kote tranbleman de tè 12 janvye 2010 la te pran m, nap travay nap pale, nap kraze blag nou.

Pito ou touye Yonel Louis ou pa touche, vòlè, kraze kamera l.

Yonel Louis te gen yon bèl achiv (foto) foutbòl ayisyen an tou.

Dènye fwa mwen ak Yonel Louis kwaze se te nan yon bal Tabou Combo, Klass, Strings nan NH Haiti El Rancho 31 desanm 2013 kotem te fè foto pou li ak Shoubou (Roger M. Eugène, chantè Tabou Combo.

Près spòtiv la espesyalman foutbòl ayisyen an pran yon gwo kou avèk lanmò fotojounalis Yonel Louis.

Yonel Louis te fèt 16 mas 1959, li mouri 31 mas 2026 la ak laj 67 lane.

Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak fanmi, zanmi, ansyen kolaboratè Yonel Louis tout kote li te travay yo espesyalman Le Nouvelliste/Ticket Magazine e ak fanmi foutbòl ayisyen an an jeneral.

R.I.P. Yonel Louis.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *