NÒT POU LAPRÉS AK MEDYA SOSYAL YO
New York, 17 oktòb 2019
ONÈ,
Ekip ZAFÈ M lan wete chapo pou salye tout zanmi mizik alawonbadè. Yon salitasyon espesyal pou tout pwofessyonèl ki ap travay nan domèn promosyon, prodiksyon ak difizyon mizik.
Nou Konen ak ki angouman n ap tan n sòti gwoup la. Sa bay ZAFÈ M plis detèminasyon pou l travay epi pote bon rezilta.
Sitiyasyon sosyal ak politik peyi Ayiti, fè a chak fwa nou rekile dat pou n ta mete albòm nan deyò. Se pa bon sa bon jous kounye a, men pou n reponn ak dezi fanatik nou yo n ap ofri : SAVALOU. Yon tèks ki charye revandikasyon sosyal ak ki jan pou nou tout pran responsabilite n men jan ak Marie Sainte Dédée Bazile te ranmase rès kadav anperè Dessalines aprè asasinay li. SAVALOU, se yon apèl pou tout ayisyen ta fè menm jan ak ti rès peyi a.
ZAFÈ M di nou tout gwo mèsi pou mesaj ak temwanyaj lanmou li resevwa chak jou pou travay ki tanmen an. Ekip la vle rasire n, si l mize nan wout, se pou pote bon nouvèl.
Respè !
SAVALOU Odyo: https://mail.google.com/mail/u/1?ui=2&ik=d73187cbe7&attid=0.1&permmsgid=msg-f:1647682641976913177&th=16ddbea2119c6d19&view=att&disp=safe&realattid=f_k1var1wu0
SAVALOU : Videyo
https://www.youtube.com/watch?v=aP0ugEPmAVY
Tèks: Dener Ceide
Melodi ak aranjman: Dener Ceide
Chantè: Reginald Cangé ak Dener Ceide
swiv nou pou tout detay sou:
Fb: Zafem_official
Twitter: @OfficialZafem
Instagram: Zafem_Official
Pou kontra ak entèvyou ak ZAFÈ M : zafemmusic@gmail.com
—
Zafè M Music
zafemmusic@gmail.com
FB & IG: Zafem_official
Twitter: @OfficialZafem
Youtube: Zafem_Official
Leave a Reply