La plateforme officielle du showbiz haïtien

R.I.P. Eline Medastin & Sherley Kenol !

Vil Senmak ap pran kou serye dènye jou sa yo.

Li pèdi plizyè pitit li.

Nou apran n ansyen zanmi nou e konsè nou Eline Medastin mouri lendi 4 me 2026 la nan lopital Saint Nicolas Saint-Marc.

Daprè sa nou aprann sou rezo sosyal yo, se ta aprè li fi n fè yon “AVC”, li pa ta jwen n swen atan ka li te nesesite malerezman li desede.

Eline Medastin se te yon jounalis prezantasyon ki te gen anpil pasyon pou metye a, emisyon jèn ak varyete mizikal.

Li te fè eksperyans nan diferan medya nan vil la.

Se Eline Medastin vwa feminen daa nou te kon n tande nan ribrik “Alo Lapolis” la.

Eline Medastin se te yon zanmi pou mwen depi lè mwen te Senmak.

Lè nou kwaze, oswa pale nan telefòn, se toujou anpil kontantman, echanj nan respè ak apresyasyon youn pou lòt.

Li sot fete anivèsè l 26 mas la.

Nou pèdi yon bèl nanm.

Anplis amitye mwen avèk Eline Medastin

, frè li a ki rele Harry Medastin se te zanmi m fou. Nou te nan men m gwoup Scout ansanm ki te rele “Union Des Jeunes” ki te nan lekòl pwofesyonèl nan Ti Bois (Petit Bois).

Mwen sonje lèm te jèn mwen te kon n (anvi) chante, mwen te kon n ale lakay yo ki sou mache a pou n al fè repetisyon paske misye (Harry Medastin) te gen yon keyboard, e li te renmen mizik men m jan avèm.

Harry Medastin te toujou ankouraje m e te envitem vi n lakay li pou chante ak fè repetisyon, wè tèks chante mwen te kon n ekri ak entèprete yo, epi jwe mizik yo, aranje yo, korije yo.

Donk, mwen te zanmi ni ak frè a, Harry Medastin ni ak sè li Eline Medastin ki te yon konsè paske nou chak te nan medya diferan nan vil la.

Eline Medastin te fèt 26 mas 1975, li mouri lendi 4 me 2026 la a laj 51 lane.

Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak zanmi, fanmi, ansyen kolaboratè Eline Medastin yo espesyalman ak frè li Harry Medastin.

Pou Sherley Kenol li, se te ansyèn kondisip mwen.

Li men m ak sè li, Maguy Kenol, nou te nan menm lekòl “Collège Les Professeurs Réunis de Saint-Marc”.

Donk, men m jan ak Medastin Eline, nouvèl lanmò Sherley Kénol la se yon gwo chòk pou mwen.

Sherley Kenol te fèt 1er janvye 1977, li mouri a laj 49 lane.

Nou apran n atravè rezo sosyal yo  retransmisyon finiray li ap chante samdi 9 me 2026 la nan “The Spot Bar”, Pivert, Saint-Marc a 9è nan maten.

Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak fanmi, zanmi, ansyen kamarad klas li yo ak espesyalman sè li, Maguy Kenol.

R.I.P. Eline Medastin & Sherley Kénol!

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *