Twòp dezòd nan Djakout #1. Vire tounen, chak mizisyen di sa yo vle, lè yo vle oswa yon bagay diferan de djaz la, sa ki konn lage anpil konfizyon nan laprès ak nan tèt fanatik djaz peyia. Sa ki pa yon bon imaj pou Djakout #1 ki ap konnen yon ti bès rejim depi kèk tan pou plizyè rezon espesyalman mizisyen kap kite oswa yap mete deyò tanzantan nan djaz la.
Ebyen, a pati ayè madi 24 oktòb 2023 a, Ti Marco M&S (Lubin Paul Maxime), manadjè djaz la deside mete fen ak dezòd saa. Li fè konnen, dezòmè e sesi jiska nouvèl òd, se li men m sèlman ki gen dwa pale pou Djakout #1, nan non Djakout #1. Nenpòt mizisyen, kelkeswa jan ou rele a pa gen dwa pran la pawòl nan non djaz la pou koulyèa.
Nap raple, se pa premye fwa jan desizyon sa yo pran nan Djakout.
Eske fwa saa, sa ap respekte?
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply