Aprè “Back in the game” ak “Makiye mizè w”, Ekip, djaz Shabba, ex Djakout #1 nan, ki pèdi ak rekrite mizisyen, soti yon twazyèm albòm ki rele “An Militè” nan yon moman kout bal ap pete nan kapital ayisyèn nan, bandi ak zam ap fè e defè, militè tout kalite ki soti toupatou nan lemon n ap monte desan n nan peyia.
Albòm saa gen 12 mizik : “ An Militè”, “Why not”, ” I don’t like you” featuring Anie Alerte (Zile), “Kite yo pale” featuring Kenny Haïti, “ Ou fèm mal”, “ Ewo”, “ Bèl nwit “ featuring Wyclef Jean (Fugees), “ Magalie”, “Dòmi fache”, “Leta” featuring Black Dada, “ Lagem nan VAR” ak “Happy Birthday”.
Antretan, yo anonse Ekip la pou 29 desanm 2026 nan Petyonvil. Ayiti.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply