R.I.P. Belony Michel Digicel Stars Obama kap fè lapli e le bo tan!

Daprè sa Radio Télé Métronome rapòte, yo touye ak bal Belony Michel jounen madi 31 oktòb 2023 a nan ang ri Lafleur Duchène ak Magloire Ambroise nan Pòtoprens.

Tout ayè mèkredi 1er oktòb la byen ta nan aprèmidi, kadav li te toujou rete atè a tap dekonpoze. Li tèlman kòmanse tap bay move sant, moun nan zòn nan te oblije lanse yon SOS pou mande otorite yo vi’n leve’l pou evite yo kontamine.

Nap raple nan ane ki sot pase yo, sitwayen saa, Belony Michel ki te al patisipe nan konkou Digicel Stars kòm atis te bay anpil plezi depi nan odisyon rive jouk nan emisyon Digicel Stars yo nan Rex Théâtre e fè aktyalite avèk yon chanson li te konpoze pou Barack Obama ki te prezidan soti 2009 pou rive 2017 kel te di kap fè lapli e le bo tan. Yon refren ki te sou preske tout lèv dayè, anpil moun te men’m mete’l kòm sonri telefòn yo.

Anpil moun te vi’n rele Belony Michel atis Obama ke yo te konsidere kòm antistrès yo nan epòk la.

R.I.P. Belony Michel!

Gilles Freslet, I L❤️ve Konpa

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *