Aprè l fi n pase 15 lane avèk Harmonik, aprè 6 mwa li pase san’l pat pale, moun pat wèl pandan tout kalite rimè tap kouri sou depa l nan sen Harmonik ki sot fete 15 lane egzistans li, jounen vandredi 3 novanm 2023 a, Sanders Solon, chantè, gitaris, konpozitè ak pwodiktè di l pran kouraj li ak demen pou l anonse ofisyèlman li kite Harmonik.
Nan yon ti videyo li fè soti, li remèsye maestro Nickenson Prud’homme (Nicky) li di ki te pèmèt li kanpe bò kotel nan djaz la pandan 15 lane e ki pèmèt li grandi, aprann e vi n sal ye jodia. Li remèsye Mac D pou zanmitay yo te kreye pandan 15 lane sa yo.
Li remèsye lòt mizisyen, sa ki ale, sa ki la kounyèa yo de 2008 jiska jounen jodia.
Li remèsye tou manadjè Rodney Noël ak zanmi, fanatik ak pwòch li ki te toujou sipòte l nan moman difisil yo.
Sanders Solon di l eskizel pou gwo desizyon difisil li pran pou l kite Harmonik men li pa gen le chwa.
Li fè konnen 2 moun kon’n marye aprè yo pa ka viv ansan’m ankò pou plizyè rezon yo oblije divòse, ebyen se men’m bagay la pou li men’m avèk Harmonik li di kap toujou rete sou kèl. Li mande tout moun pou aksepte desizyon’l la pandan li tou anonse yon nouvo pwojè.
Li mande moun yo pou mache avèl, sipòte l.
Antretan, nou aprann nouvo djaz Sanders la ka rele Mood Band.
Avèk li nan pwojè saa, manadjè Rodney Noël, yo toulè ansyen Harmonik.
Se vre separasyon Sanders avèk Harmonik la di anpil men nou aksepte chwa atis la dayè, se li ki konn sa ki bon li e nou swete l bòn chans pandan Harmonik ap kontinye fè zafè l dayè, yo soti plizyè mizik youn dèyè lòt dènye semèn sa yo.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply