Mwen sezi, men mwen te panse se twonpe moun saa te twonpe l lèm wè nan yon post mwen te fè sou TikTok pou Marie-Pascale Frédéric lè fèt li, li di R.I.P. vandredi 6 novan m 2026 la, se vè 1è pra l 2è nan maten samdi 7 novan m nan, mwen tonbe sou pòs yon moun sou Facebook kap di l R.I.P. tou, se lè saa mwen konpran n e kwè sa mwen tè wè a, chè zanmi m Marie-Pascale Frédéric mouri.
Se nan men m post saa tou moun yo tap kòmante e fè konnen li te lanse mesaj detrès, tap konnen moman difisil depi kèk tan, poutan, mwen pa konnen bagay konsa alòske se yon zanmi, nou kon n echanje nan telefòn tankou sou Facebook depi lè li te rete Juvénat, Ayiti e men m lè li te vi n vwayaje pou ale New Jersey Ozetazini, nou te toujou rete am kontak dayè, se li men m ki te di m li kite peyia, gen bon relasyon zanmitay, pale de tout bagay, men m de relasyon amourez li ki te pafwa, toujou yon ti jan konplike ak mouvmante.
Eske bagay sa yo te anvlimen?
Eske l te gen lót pwoblèm?
Eske l te malad?
Antouka, nouvèl lanmò Marie-Pascale Frédéric la choke m anpil. Mwen pèdi yon lót bon zanmi.
Oh non, mwen pat atan n ak yon bagay konsa.
Marie-Pascale Frédéric te fèt 29 mas 1986.
Li gen yon pitit gason ki rele Guévara.
Marie-Pascale Frédéric mouri a laj 40 lane.
Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak fanmi l, zanmi l e espesyalman ak pitit gason li a Guévara ke l te toujou di m li renmen anpil.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS
Leave a Reply