R.I.P. Marie Rose, bòn fèt nan paradi, oswa kote ou ye a!

Marie Rose Etienne Kernizan se te youn nan prètres vodou ki te pi popilè nan peyia sitou nan Pòtoprens, e li te trè pwòch anpil atis, djaz, mizisyen, animatè, prezantatè ak dj’s. Dayè, li te sipòte anpil ladan yo.

Nou sonje tou li te avèk Samba Kessy Koudjay pandan yon bon ti tan avan l te vi n marye ak Stanley Kernizan (Soundleymix) ki se dj, pwomotè e pwoprietè Olympia Night Club en Plaine.

Malgre li te vi’n kite peyia pou l a viv Ozetazini espesyalman nan eta Floride, li te toujou pote Ayiti nan kèl e l te kreye avèk plizyè lòt fan m, yon òganisasyon ki te rele “Amour Action pour Haiti” pou l te ka ede moun ki te pi nan bezwen yo.

Prezantatè televizyon Paul Villefranche se te pòt pawòl oganizasyon sila a.

Marie Rose se te yon moun ki te renmen mizik anpil e se sa k fè li di yo te rele l “manman mizik” e l te sipòte anpil ladan yo tankou sa l te renmen anpil yo espesyalman Mass Konpa  Gracia Delva.

Li te konn òganize fèt kiltirèl lakay li  Bon Repos nan Plaine nan chak 2 novanm avèk tout kalite djaz, atis ak Dj depi 1996.

Jodi lendi 9 novan m 2026 la se anivèsè nesans li.

Malerezman nou konnen li te gen yon dyabèt ak tansyon ki tap fatige li, li te kite nou sa pa gen twò lontan.

R.I.P. Marie Rose!

Bòn fèt nan paradi, oswa kote ou ye a.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *