Richard Auguste Morse di RAM kraze, Lunise Morse di pa gen bagay konsa, RAM la pi rèd!

Kèk jou aprè chantè, fondatè ak pwopriyetè RAM nan, Richard Auguste Morse te anonse sou Twitter byen bonè maten samdi 9 novanm 2024 la lap kite RAM e gwoup la pa egziste ankò, madanm Richard Morse ki se tou chantèz ak dansèz RAM deklare zafè RAM kraze, pa egziste ankò a, se pa kounyèa. Sa se pawòl Richard Morse.

Nan yon pòs li fè sou rezo sosyal yo li fè tou byen bonè madi 12 novanm 2024 la, Lunise di : ” Avèk tout respè ak lanmou nou gen pou Ayiti ak fanatik yo, nou pa gen entansyon sispann pèfòme.

Tweet la te yon desizyon endepandan. RAM ap kontinye fè pèfòmans.

Mizik la pi gwo pase nou…

Mèsi anpil.

Kwa Senbo.

Lunise”.

Eske sa ta vle di Lunise Morse, chantèz ak madanm Richard Morse pat okouran ni konsilte pa mari’l ak chantè gwoup la tou avan’l te pran desizyon kite ak kraze RAM?

Eske Richard Morse okouran e apwouve deklarasyon madanm li ak chantéz gwoup la tou ki di RAM pa kraze, lap kontinye jwe nòmalman?

Eske Richard Morse konsyan ak rekonèt kontrèman ak sal te di ak te vle, RAM pa ka kraze konsa e li bay Lunise otorizasyon pou anonse gwoup la ap kontinye?

Antouka, soti nan move nouvèl RAM kraze, pa egziste ankò ki te deranje meloman ak anpil fanatik pou tonbe sou bon nouvèl RAM la pi rèd, gwoup la ap kontinye, nou ka sélman kontan ak salye desizyon saa.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *