Ni djaz ni atis ni dj ni pwomotè, yo tout ap fè e jere biznis yo. You’n pa gen dwa ni enpoze lòt fè sa ki pa nan kontra. Ou dakò nap fè pwogram ansanm, ou pa dakò, dezole🙏
Mwen dakò yo chak gen prensip ak kondisyon pa yo, yo tout dwe respekte tout sa ki ekri nan kontra yo siyen avan, pandan e aprè pwogram nan.
Nan yon pwogram ki gen plizyè djaz, atis, dj kap jwe, ni djaz ni atis ni dj pa gen dwa chwazi se lè yo vle pou yo jwe, se pwomotè a depi alavans ki pou fè klasman l, chwazi moun li vle ki pou jwe nan tèl pozisyon, avan nan mitan e aprè nan pwogram li depanse pil lajanl pou l òganize a, yon moun ki pa dakò ou pap jwe. Sepandan, fòk li fè tout moun kon n sa alavans depi lè li fè kontak ak djaz la, atis la, dj a (depi lè kontra a ap siyen an), oswa kèk jou osinon depi lavèy oubyen byen bonè nan maten jou pwogram nan, anvan men m li kòmanse fè pwomosyon.
Djaz pa gen dwa di pwomotè li pap jwe ak tèl lòt djaz oswa ak tèl lòt atis, dj.Sepandan, kòm li gen dwa saa tou, sèl jan li ka di li pap jwe avèk tèl lòt djaz osinon tèl lòt atis, dj, se depi lè kontra a ap siyen avan pwogram nan, pwomotè a di tout djaz, atis, dj ki nan lineup la, depi lè saa, yon moun (djaz, atis, dj) ki pa dakò jwe ak lòt, lap tou di sa. Lè saa, kontra a pap siyen, moun saa pap nan pwogram nan, men lè saa, sa ap mande pou pwomotè a byen planifye pwogram nan. Se pa yon pwogram kap fèt nan prese, a la dènyè minit, nan tèt cho, zanmitay ak santiman, kapris, djaz, atis oswa dj.
Nou fatige avèk zafè vire tounen djaz pa vle jwe avan oswa avèk lòt djaz nan pwogram yo peye yo pou yo vi n jwe.
Ni djaz ni atis ni dj ni pwomotè, yo chak dwe kon’n wòl yo ak limit yo e dwe respekte yo. Se swa nap fè biznis oswa nap jwe, betize, regle lòt bagay.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS
Leave a Reply