Garry Pierre Paul Charles marye avèk Juana!

Pandan moun tap chache Garry Pierre Paul Charles tankou chen fou nan Pòtoprens, Ayiti, lavèy fèt Batay Vètyè vandredi 17 novanm 2023 a, e byen, jounalis ak PDG Radio Télé Scoop la ki te fete anivèsè nesans li 6 novanm ki sot pase laa, te twouvel nan vil Miami, eta Floride, peyi Lèzetazini kote li te ale marye ak Juana.

Ansyen jounalis Radio Signal FM nan, Garry Pierre Paul Charles (GPPC) chwazi marye ak madanm li nan yon seremoni ki te strikteman prive.

Anpil moun se kounyèa ak nan bouch kèk moun yo aprann nouvèl saa.

Donk, gen kèk zanmi ki ka fache avèk GPPC paske yo pat envite nan maryaj la.

Nou swete bon vi a 2 ak Garry Pierre Paul Charles (Scoop FM) ak madanm li Juana.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *