«Just for you», le nouvel album de Nu-Look d’Arly Larivière!

Wè pa wè antèman pou 4è.

Finalman, nouvo albòm Nu-Look, djaz maestro, kibòdis, chantè, konpozitè, pwodiktè Arly Larivière a ki rele « Just for you» ap soti ofisyèlman  vandredi 1er desanm 2023.

Plak saa ap gen 17 mizik sou li pami yo « Mea Culpa», «Ma moitié», « Malonèt», « My feelings», «Facts…Men toro a», « Je te veux», « Mwen desu Feat Medjy Toussaint», «An kachèt», «Tu m’as dupé», «Reyalite lakay», « Control freak», «Pran nan cho», «Jean Robert » poun site sa yo sèlman.

Depi kounyèa, fanatik, meloman ka achte l anvan pou 10, 99 $US sou tout platfòm yo pou lè dat la rive pou yo tou genyen l.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *