André Dadou Pasquet du groupe Magnum Band est mort !

Jou dimanch 23 novanm 2025 saa kote nou te dwe repoze nou ak priye, nou pat men m gen tan fi n repoze nou, lè byen bonè nan maten, nou leve, nou tonbe sou paj Facebook Dadou Pasquet kote fanmi l anonse li mouri.

Tristès te anvayi tout moun ki te wè nouvèl tèt chaje saa ki pat pran tan pou l gaye, malgre kèk jou anvan Dadou Pasquet te kite nou, fanmi l te deja anonse sou kont Facebook li, atis la malad grav san yo pat di klèman vrèman ki maladi li soufri e te mande pou priye pou li.

Malerezman, nan samdi 22 novanm, Dadou pat bon men m, yo te oblje kouri ale lopital avè l, li ta pra l mouri nan landmen dimanch 23 novanm 2025 la a laj 72 lane.

Depi lè a, se gwo lapèn ak tristès ki anvayi anpil fanatik ak meloman avèti pou sa mizisyen saa te reprezante pou mizik ayisyèn nan notamman konpa a an tèm pwodiksyon mizik de kalite.

André ‘’Dadou’’ Pasquet, ekselan gitaris, chantè, konpozitè, pwodiktè te pran nesans nan dat 18 out 1953 nan Pòtoprens, Ayiti.

Depi l tou piti, li te kite Ayiti pou li te ale viv Ozetazini Damerik.

Tou jèn, li te entegre Tabou Combo an 1970 e te fè yon kout eksperyans nan djaz saa nan lane 1974 yo nan epòk Tabou Combo tap krache dife toupatou avèk mizik tib “New York city” a. san nou pa bliye bèl solo l tou nan mizik “Mabouya” a, men anpil moun te sezi, e men m te oblije bwè ‘’thé’’ venven n lè Dadou Pasquet te deside kite Tabou Combo an 1976 pou l al fonde avèk frè l, batè Claude ‘’Tico’’ Pasquet, pwòp djaz li Magnum Band avèk prezans tou Laurent Ciceron, Nestor Azerot, Yvon Mondésir, ansyen chantè Tabou Combo, etc…

Nan men m ane 76 la, yo lage albòm “Experience” la ki gen sou li yon dizèn trak espesyalman “Experience” ki se youn nan pi gwo tib Magnum Band ki se zèv Dadou Pasquet ak Yvon Mondésir, ki toulede se respektivman ansyen gitaris ak chantè Tabou Combo Super Stars.

Depi lè a Dadou Pasquet ak Magnum Band pa janm sispann pwodui. Yo te trè pwolifik dayè, Dadou Pasquet anrejistre anviwon 34 albòm pandan rich karyè mizikal li avèk Magnum Band elatriye avèk anpil ‘’hit’’ tankou “Paka pala” ki se tit yon albòm ki gen tou yon mizik lanmou ki rele “Paka pala” sou plak saa ki te soti nan ane 1984 yo ki vi n tounen yon slogan ki idantifye Magnum Band ak fanatik li yo. Genyen ‘’La seule différence’’ ki se yon lòt gwo slogan Magnum Band pou yo fè konnen yo fè mizik diferan de lòt djaz yo, ki de kalite e ki trete tout sòt sijè tankou lanmou, sosyal, relijyon, etc…

Pami kèk nan lot tib ak bèl mizik a siksè Magnum Band, nou ka site “Paka pala”, “Padon”, “Pike devan”, “Dife”, “Lakay”, “Jéhovah”, “Close the door”, “Liberté”. Ou pila”, “Verite”. “La foi”, “Ashadei”. “Pran konsyans”. “Pa pale la”, ‘’ Adoration’’, “Jalousie”

Dadou Pasquet te renmen peyi l e te deside retounen vi n viv Ayiti, nou sonje mizik “Lakay” la, malerezman kondisyon yo pat reyini pou l te rete e kontinye fonksyone nòmalman nan peyia. Li te oblije retounen nan peyi Tonton Sam (Etazini) kote l tap viv depi l te timoun.

Dadou Pasquet se youn nan mizisyen ayisyen yo apresye anpil nan Antiy yo espesyalman Martinique.

Youn nan dènyè gwo konsè Dadou Pasquet avèk Magnum Band se te nan Casino de Paris samdi 22 jen 2024 nan okazyon selebrasyon 48 lane ezistans gwoup la.

Nou apran n fineray André ‘’ Dadou’’ Pasquet ap chante samdi 29 novanm 2025 la a 1 h PM nan ‘’St. Andrew’s Episcopal Church’’, 14260 old cutler Road, Miami FL, 33158.

Yap ka wè li nan men m dat saa soti 10:00 AM pou rive 12:00 PM nan Vans Orsdel Funeral Home, 11220 N. Kendal Drive, Kendal, FL, 33176.

Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi, zanmi, fanatik Pasquet espesyalman madanm li Evelyne, pitit li yo, frè l Tico Pasquet ak Berthony Raphaël (Havana) ki depi anviwon 10 lane te reprezante Magnum Band an Ayiti valableman malgre anpil difikilte.

Ki avni Magnum Band aprè lanmò leader l, gitaris li André ‘’Dadou’’ Pasquet ?

Ke nan m mizisyen an repoze anpè.

Anpil respè pou ou.

Mèsi pou bèl zèv ou yo.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *