Mès memoryal pou Andre Dejean de Les Frères Déjean de Pétion-Ville nan “Notre Dame D’Haïti” nan Miami samdi 17 oktòb 2026.

Mouri vandredi 11 sektanm 2026 ki sot pase laa a laj 75 lane nan yon lopital Miami aprè yon ti tan li te fè malad, yon mès memoryal te chante samdi 17 oktòb 2026 la nan “Notre Dame Catholic Church” (Notre Dame D’Haïti) pou gwo mizisyen twonpetis gwoup Les Frères Déjean de Pétion-Ville la, Mesye André Déjean nan prezans fanmi, zanmi, tokay mizisyen.

Se mizisyen trè koni, Anderson Cameau, ki te òganize bèl mès memoryal saa pè Réginald Jean-Marie te selebran prensipal.
Mona Boyer ak Emmy Déjean te la pou fè lekti ak lapriyè.
Mayestwo Fabrice Rouzier te jwe wòl Mèt Seremoni selebrasyon an ki te pwograme pou tanmen a 9è 15 minit nan maten anvan Claude Boursiquot te bay pèfòmans mizikal li a.
Ernst Molin, Wideline St. Juste, Ernst Vincent (Mayestwo Tinès) ak Robert-Charlot Raymonvil fè pati moun ki pran la pawòl pou ran n omaj ak defen an.
Gary Rezil, ansyen mizisyen, gitaris Tabou Combo te bay yon pèfòmans wololoy pou André Déjean.
Yon latriye twonpetis, pyanis, batè ak basis tankou Anderson Cameau, Jean Caze, Jonathan Laurince, Edy Brisseaux, Ralph Hypolite (Jethro), Robert-Charlot Raymonvil, Rivenson Louissaint ak Dony Félix te jwe yon konsè pou mayestwo André Déjean.
Nap fè konnen reprezantan konsil ayisyen a nan Miami, Yverick Delerme Cyril te prezan nan mès memoryal saa.
R.I.P. André Déjean.
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Mèsi ak Ed Lozama pou foto ak enfòmasyon yo.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *