La plateforme officielle du showbiz haïtien

Zafem byen lage

NÒT POU LAPRÉS AK MEDYA SOSYAL YO

New York, 17 oktòb 2019

ONÈ,

Ekip ZAFÈ M lan wete chapo pou salye tout zanmi mizik alawonbadè. Yon salitasyon espesyal pou tout pwofessyonèl ki ap travay nan domèn promosyon, prodiksyon ak difizyon mizik.

Nou Konen ak ki angouman n ap tan n sòti gwoup la. Sa bay ZAFÈ M plis detèminasyon pou l travay epi pote bon rezilta.

Sitiyasyon sosyal ak politik peyi  Ayiti, fè a chak fwa nou rekile dat pou n ta mete albòm nan deyò.  Se pa bon sa bon jous kounye a, men pou n reponn ak dezi fanatik nou yo n ap ofri : SAVALOU.  Yon tèks ki charye revandikasyon sosyal ak ki jan pou nou tout pran responsabilite n men jan ak Marie Sainte Dédée Bazile te ranmase rès kadav anperè Dessalines aprè asasinay li.  SAVALOU, se yon apèl pou tout ayisyen ta fè menm jan ak ti rès peyi a.

ZAFÈ M di nou tout gwo mèsi pou mesaj ak temwanyaj lanmou li resevwa chak jou pou travay ki tanmen an. Ekip la vle rasire n, si l mize nan wout, se pou pote bon nouvèl.

Respè !

SAVALOU Odyo: https://mail.google.com/mail/u/1?ui=2&ik=d73187cbe7&attid=0.1&permmsgid=msg-f:1647682641976913177&th=16ddbea2119c6d19&view=att&disp=safe&realattid=f_k1var1wu0

SAVALOU : Videyo

https://www.youtube.com/watch?v=aP0ugEPmAVY

Tèks:  Dener Ceide

Melodi ak aranjman:  Dener Ceide

Chantè: Reginald Cangé ak Dener Ceide

swiv nou pou tout detay sou:

Fb: Zafem_official

Twitter: @OfficialZafem

Instagram:  Zafem_Official

Pou kontra ak  entèvyou ak ZAFÈ M :  zafemmusic@gmail.com

—

Zafè M Music

zafemmusic@gmail.com

FB & IG: Zafem_official

Twitter: @OfficialZafem

Youtube: Zafem_Official

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *