Si Gracia Delva te toujou ap mande manman’l pou montre’l papa’l ki te vi’n tounen youn nan pi gwo slogan atis la nan mizik, ebyen, desideman, sa pap posib ankò puiske, Gracia Delva ki te deja pa genyen ni frè ni sè, fèk pèdi manman’l Marie Saintilia Delva (Mante Titine).
Nouvèl saa ki te tonbe sou rezo sosyal yo byen bonè maten madi 29 oktòb 2024 la te konfime pou nou pa manager gwoup Mass Konpa a, Wadner Joseph.
Daprè sa li di nou, se aprè yon malèz ki te oblije yo mennen’l lopital Claire Heureuse Dessalines Mante Titine ta pral bay dènye souf li 29 oktòb 2024 la a 8è 30 minit nan maten.
Mante Titine ki te genyen Gracia Delva sèlman kòm pitit te fèt 19 jen 1939 “3 Ponts Gonaïves”, men se Machan Desalin li fè tout anfans li.
Li mouri a laj 85 lane.
Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak Gracia Delva, Wadner Joseph, fanmi, zanmi, pwòch Marie Saintilia Delva (Mante Titine) e ak tout ekip Mass Konpa a.
Ke nanm li repoze nan lapè !
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply