Machin lanmò Ayiti a pako kanpe. Li pèdi fren.
Li kontinye ap fè dega, manje moun san gade dèyè.
Nouvo viktim nan se jounalis kiltirèl Richard Alexandre (Caonabo Vedette).
Se avèk anpil tristès nou apran n jounen mèkredi 28 oktòb 2026 la nouvèl lanmò animatè ak tizè boul la.
Daprè enfòmasyon ki disponib sou rezo sosyal yo, Richard Alexandre pèdi lavi l aprè yo te simen plizyè katouch sou li nan zòn Delmas 83, kouri avè l lopital, anyen pa mache, li
mouri nan lannwit madi 27 rive mèkredi 28 oktòb 2026 la.
Jounalis Richard Alexandre (Caonabo Vedette) te fèt 1 fevriye 1988.
Li mouri a laj 38 lane.
Li te fè plizyè eksperyans nan radyo ak jounal nan pwovens tankou nan kapital la.
Li te kolabore tou ak kèk medya an liy.
Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi l, zanmi l e ansyen kolaboratè l yo nan Pòtoprens tankou nan vil peovens.
R.I.P. Richard Alexandre (Caonabo Vedette).
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply