R.I.P. Marie-Pascale Frédéric !

Mwen sezi, men mwen te panse se twonpe  moun saa te twonpe l lèm wè nan yon post mwen te fè sou TikTok pou Marie-Pascale Frédéric lè fèt li, li di R.I.P. vandredi 6 novan m 2026 la, se vè 1è pra l 2è nan maten samdi 7 novan m nan, mwen tonbe sou pòs yon moun sou Facebook kap di l R.I.P. tou, se lè saa mwen konpran n e kwè sa mwen tè wè a, chè zanmi m Marie-Pascale Frédéric mouri.

Se nan men m post saa tou moun yo tap kòmante e fè konnen li te lanse mesaj detrès, tap konnen moman difisil depi kèk tan, poutan, mwen pa konnen bagay konsa alòske se yon zanmi, nou kon n echanje nan telefòn tankou sou Facebook depi lè li te rete Juvénat, Ayiti e men m lè li te vi n vwayaje pou ale New Jersey Ozetazini, nou te toujou rete am kontak dayè, se li men m ki te di m li kite peyia, gen bon relasyon zanmitay, pale de tout bagay, men m de relasyon amourez li ki te pafwa, toujou yon ti jan konplike ak mouvmante.

Eske bagay sa yo te anvlimen?

Eske l te gen lót pwoblèm?

Eske l te malad?

Antouka, nouvèl lanmò Marie-Pascale Frédéric la choke m anpil. Mwen pèdi yon lót bon zanmi.

Oh non, mwen pat atan n ak yon bagay konsa.

Marie-Pascale Frédéric te fèt 29 mas 1986.

Li gen yon pitit gason ki rele Guévara.

Marie-Pascale Frédéric mouri a laj 40 lane.

Mwen prezante sinsè kondoleyans mwen ak fanmi l, zanmi l e espesyalman ak pitit gason li a Guévara ke l te toujou di m li renmen anpil.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *