Richard Auguste Morse quitte RAM, le groupe n’existe plus!

Enkwayab men se vre.

Depi maten samdi 9 novanm 2024 la, gwoup tandans rasin RAM sanse pa egziste ankò aprè chantè, fondatè, mèt djaz la, Richard Auguste Morse, san l pa bay twòp detay, anonse sou kont X (Twitter) l lap kite RAM epi gwoup la, RAM,  kraze, pa egziste ankò.

Yon nouvèl ki bay anpil moun gwo sezisman e lage yo nan reflechi sou veritab rezon ki ta lakoz Richard Morse kite e kraze gwoup la vag konsaa nan yon moman kote tandans (mizik) rasin nan bese sa fè kèk ane e RAM se te youn nan ra gwoup ki te toujou ap kenbe malgre tou bò kote Boukman Eksperyans.

Eske se fatig, laj, dekourajman, fristrasyon, pwoblèm entèn osinon, yo estime yo fè tout sa yo te gen pou yo fè e ke yo pa gen anyen pou yo pwouve ankò kounyèa se lè pou yo repoze yo oswa Richard Morse pou bon plezi l li deside kraze yon kite sa e tou mete fen ak egzistans RAM?

Richard Morse nan men m twit li a te pwofite pou l di Lunise ki se madanm li mèsi e li di tou: “Lunise se pi gwo talan mizikal peyia janm konnen”.

Pou l fini, nan twit li a, Richard Morse di :” Pa bliye fòs peyi d’Ayiti se chante tradisyonèl yo ak tanbou yo ak Rara/se pa ni batri ni nouvo mizik yo. Ayibobo”.

Poukisa, Richard Auguste Morse lanse gwo flèch saa nan direksyon djaz ak atis ki gen nouvo mizik yo e ki itilize batri.

Eske yo tout pa gen plas yo nan mizik ayisyèn nan men’m jan ak RAM?

RAM ki te kòmanse pwodui nan ane 1990 yo lè l te kreye a, gwoup la reyalize anviwon yon dizèn albòm pami yo «Aïbobo», «Puritan vodou», «Kite yo pale», «MadiGra», «Le jardin», « Manmanm se ginen».

RAM reyalize anpil mereng kanavalèsk ki konnen anpil sikksè espesyalman «Jakomèl», «Kafou a», «Defile» ke moun rele «Dessalines».

Nou pa ka konte konbyen fwa gwoup la patisipe nan defile kanaval nan peyia ki pat toujou reyisi.

RAM patisipe tou nan evenman lòt bò dlo e fè kèk eksplwa a lechèl entènasyonal.

Nan ane 93-94 yo, RAM te konnen anpil siksè tou avèk mizik «Fèy» sou premyé plak yo ke moun preske pat ka chante nan peyia pou rezon politik espesyalman akoz koudeta 91 la kont Aristide.Militè, tonton makout, frap, choukèt lawouze te prè pou te fè tout bagay kont nenpòt ki moun ki tap chante mizik saa. Men’m estasyon radyo yo, anpil ladan yo te pè pase l.

Anpil moun genyen bon tankou move souvni de RAM tankou aksidan cha li a an  plen defile kanaval sou Channmas ki te fè plizyè viktim.

Fanatik li yo ak lòt moun pap jan’m bliye seri pwogram li yo chak jedi nan hôtel Oloffson, lakay yo men’m.

Richard Morse ki te soutni e sipòte ansyen prezidan lavalas Jean Bertrand Aristide ak mizisyen parèy li, kouzen l ansyen prezidan Michel Martelly Sweet Micky pat ezite lache yo, pran distans li avèk yo lè l estime moun sa yo ap regle lòt bagay ki pa gen anyen pou wè ak peyi.

Inegzistans RAM se yon gwo kou pou mizik rasin nan ak kilti ayisyen an.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *