R.I.P. Fanny, ansyèn kavalyè Pòlka Ti Djo!

Monique Souvenir ke moun te plis konnen sou nom Fanny, mouri nan peyi Lèzetazini, an Florid, madi 21 jiyè 2026 la, daprè sa plizyè medya ak jounalis te rapòte sou rezo sosyal yo.

Depi lè a, se omaj ak temwanyaj kap tonbe san rete pou salye depa gran n dam saa nan zafè radyo, televizyon ak la kilti nan peyi Dayiti.

Fanny ki te pran nesans nan dat 28 fevriye 1941 mouri a laj 85 lane.

Men m jan nan mizik, ”duo” Claudette & Ti Pierre, elatriye tap frape, nan radyo ak televizyon, nan ane 80 yo espesyalman, Fanny ak Ti Djo te trè prezan. Se te vedèt epòk saa, moun ki te chwazi pou pote yon seri mesaj sansibilizasyon sou edikasyon, lasante, ijyèn, savwa viv, planin familyal, reklam piblisite, etc…

Nan ane 80 yo, lè peyia pat ko fini nèt, malgre l  te gen lòt ti pwoblèm pa l nan epòk saa, li tap difisil pou w pase yon jou san ou pa wè oswa tande Fanny ak Ti Djo nan radyo ak televizyon.

Yo te prezante ansan m sou Télévision Nationale D’Haïti (TNH) ak Radio Nationale D’Haïti (RNH) emisyon “Tele doktè”, “Radio doktè”.

Fanny espesyalman te jwe tou nan fi m sinema.

Donk, lanmò Fanny (Monique Souvenir) reprezante yon gwo pèt pou kilti ayisyèn nan.

Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak zanmi, fanmi e tout moun ki te konnen Fanny.

R.I.P.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *