Princess Eud voye mesaj saa bay tout moun kap fè tèt li cho, nan mande l kite Ayiti pou sa Gang yo ap fè nan peyi a!

“Gade map met mesaj sa la pou tout moun kap plede relem mande m si m pa wè sa kap pase Ayiti nan moman an, pou tout moun kap mandem poum kite peyi a, tande m byen

Mwen te deja konn peyi a pa bon lè m te deside tounen, mwen tounen paske nanm mwen tap mande m sa.

Eske mwen a l’abri ? Non!

Eske mwen an sekirite? Non!

Eske m santi m byen? Wi

Eske m ka mouri nenpòt kilè? Wi!

Eske m pè mouri? Non!

Tout sa pou m di nou se nan peyi m mwen ye pa banm chalè, nap pale tankou nou gon lavi etènèl nou sere pou mwen nan yon lòt peyi, nou pa konnen se tout kote moun ka mouri ? Nou pa konnen se tout mond lan ki nan kouri kounya?

Map vwayaje lè pou m vwayaje, afè depi gon deblozay nap vi n di m kite peyi a tanpri koupe m sa sèk!

Pa anmède m!!! Mpa konn kijan m te vi n sou latè, m pa bezwen konn kijan m prale, sèlsa m konnen NANM mwen toujou pare!”.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *