Haiti pa gen moun li pa manje, R.I.P. Asap Fresh G-Shytt ak lòt moun ki mouri yo!

Peyia manje yon lòt pitit li. Yo touye atis Asap Fresh, man’m gwoup mizikal G-Shytt ki konnen anpil siksè nan sektè pa li a, “Trap music” avèk espesyalman mizik tankou «Balèn bouji », «Rambo» elatriye.

Pi resan an se «Dodama».

ASAP Fresh G-Shytt (Marc Daniel Cuvier) te trè popilè bò kote ti jèn yo sitou.

Konfimasyon nouvèl asasina atis la ak plizyè lòt moun ki te avèl jounen lendi 6 novanm 2023 a lage gwo tristès lakay anpil atis parèy li ak lòt moun sou rezo sosyal yo ak nan peyi a ki pa sispan n mande, poukisa ayisyen, bandi ap touye moun, frè ak sè ayisyen parèy yo konsaa pandan leta, lapolis, lajistis yo men’m bò kote pa yo pa fè anyen serye pou mete fen ak ensekirite a, degaje yo pou mete bandi, kidnapè, asasen sa yo kap plede bwè san tout kalite moun nan wòl yo.
R.I.P. Asap Fresh G-Shytt ak tout lòt viktim yo!

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *