Roody Joseph a.k.a. DID, ex chanteur de Mass Konpa, décédé!

Move nouvèl sou move nouvèl.

Roody Joseph alyas DID Souvitès ki se ansyen jèn chantè Mass Konpa, bò kote sipèsta Gracia Delva ki ta menm se kouzen l daprè sa l di, mouri byen bonè maten madi 7 novanm 2023 a nan vil Gonaïves bò zòn 2è yo. Se manadjè Mass Konpa a, Wadner Joseph ki konfime nouvèl la pou I L❤️VE KONPA.

Nou aprann se aprèl te fi n gen yon ti malèz yè swa vè 11 yo li finalman mouri maten an.

Roody Joseph (DID Souvitès) ki fèt Marchand Dessalines 8 avril 1990  te nan Mass Konpa de 2011 a 2013.

Aprè li ta pral kite Mass Konpa pou al fòme yon djaz avèk Ti Mass Kòd, gitaris ki te avèk li nan Mass Konpa tou nan men’m epòk la, djaz saa te rele K-DO ki ta pral disparèt sou sèn mizikal la yon ti tan aprè. Answit, DID te rejwenn VITESS avanl te ateri nan Klassik-La san konte tantativ pwojè pèsonel yo.

Roody Joseph mouri a laj 33 lane.

Nou prezante sinsè kondoleyans nou ak fanmi, zanmi, ekip Mass Konpa a ak madanm li jan l te renmen relel la, Conceptia Justine Legros.

R.I.P. DID (Roody Joseph)!

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

 

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *