Djaz pa jij, atis pa jij!

Djaz pa jije djaz, atis pa jije atis.

Gen konsomatè pou tout prodwi.

Manje ou renmen an, se li yon lòt pa manje.

Chak djaz gen fanatik li.

Chak atis gen piblik pa l.

Moun renmen atis li vle.

Fanatik danse djaz li pito.

Nou tout pa ka renmen men m mizik.

Kite chak moun fè chwa yo.

Tout moun lib pou l renmen sa k fèl plezi.

Djaz ak atis ka toujou gen pwòp prensip yo men yo pa ta dwe jij.

Sèl jij la se piblik la, se fanatik yo.

Se yo ki chwazi ki djaz yap tande, ki atis yap danse.

Atis ou pa renmen an, gen yon lòt kap mouri pou li.

Mizik djaz ou pa ka tande a, gen yon lòt moun se avèl li dòmi.

Nou tout pa ka fè ni renmen men m bagay

Pwomotè pa dwe rete ni ak atis ni ak djaz.

Sepandan, nou kondane pou n travay ansanm.

Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *