Official Announcement from Disip

Management #NouSeDisip #NSD #KompaDevan

Pou tout manm medya ak fanatik disiP yo,

Depi jounen jodi a, 14 novanm 2019 Donaldo Bourdeau pa nan disiP ankò.

Kòm anpil nan nou konnen disiP ap fè fas ak kèk pwoblèm entèn depi yon ti tan.

Nou pa ni premye ni dènye dyaz nan HMI la ki pase ou kap pase tribilasyon sa yo men kominikasyon ak transparans esansyèl nan kenbe nenpòt ki biznis dyanm.

Nan lespri pou n kenbe de valè debaz sa yo nan tèt nan jan n ap opere chak jou, nou kwè ke chanjman sa a se pi bon desizyon pou gwoup la kòm yon antite.

Fanatik nou yo konnen ke sa a pa yon tounen dèyè pou nou paske disiP  konn pran kou deja e li toujou retounen pi gwo e miyò. Tout ti obstak sa yo fè nou vin pi fò.

Nan dènye mwa ki sot pase yo nou wè e nou jwenn gwo bout tonton lanmou ak sipò nan men fanatik nou yo e san nou disiP pa tap kapab kontinye fè sa nou renmen fè a.

Mèsi pou konfyans ak kwayans nou nan disiP.

Pwogramasyon peryòd fèt dyaz la byen chaje,  n ap jwe Fort Lauderdale fenn semèn sa a ak Homestead, West Palm, New York epi Boston nan fen mwa novanm nan.

Ak anpil kè kontan nou gen poun monte pèfòme an France

nan kòmansman mwa Desanm nan epi vwayaje Chili pou fèt Nwèl la.

Nou pa ka tann pou bay fanatik nou yo sa yo merite – bon jan Konpa!

Nou nan wout,

Direksyon disiP

https://www.facebook.com/creator_programs/signup?referral_code=4AHUUS

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *