Eske se vre oswa se show business?
paske li ra, difisil anpil pou atis ayisyen deklare piblikman preferans, oryantasyon seksyèl yo men m lè yo ta sa, men nou wè depi kèk tan, Shassy alèz pou’l pale de sijè sa, eske se blag, eske li serye, eske se biznis li lap jere, eske Shassy homosexuelle vre?
Nou sonje pa gen lontan de sa, aprè Claudia, ansyen madan Shabba te fi’n bo nan yon videyo ak Florence El Luche, Shassy te di sou rezo sosyal yo se Kanis (Niska Garoute), ki li men’m avwe piblikman li homosexuelle e kap viv avèk yon fan’m parèy li, te di li anvi, ta renmen bo konsa.
Ebyen, men dènye mesaj Shassy voye bay ansyen madan Shabba:
“Claudia, m pran fan’m lan nan men’w tande!”.
Eske se jwèt?
Eske se tout bon vre Shassy lesbyèn tou?
Gilles Freslet, I L❤️VE KONPA
Leave a Reply